Douglas Zamor douglaszamor@yahoo.fr
Son adresse e-mail :

Ses derniers articles

article.title

Lapriyè loray

06 mars 2024
Douglas Zamor se powèt, chantè, gitaris, komedyen. Li pran fòmasyon an Sosyoloji nan Fakilte Syanzimèn nan Inivèsite Leta dAyiti. Manm sosyete Koukouy, li pibliye 8 liv pwezi deja an Ayiti tankou: L'haleine des saisons pleines; J'ai bu l'aube par la source; Tchòk; Manman Penmba; Balendjo: revolisyon men goch.; Poème à l'ombre de la mondialisation; Laboulòk, Lanmounite. "492" se nouvo tit liv pwezi Douglas ap gen pou l pibliye 3 avril 2024 la bò 11è nan maten nan Lima's Restaurant Dèlma 40b.  Liv sa ap parèt anba chapo "Koleksyon Pyè Banbou", yon koleksyon powèt la li menm li fonde an 2022, yon fason pou l onore memwa Akademisyen doktè Ernst Mirville ki fè vwal deja pou peyi san chapo. "Lapriyè Loray" se yon ekstrè nan liv 492 la.
article.title

Limyè sou komedyen Jack-Sander Céméus

16 juin 2023
Jack-Sander ap jwe « Bèbè Gòlgota », dimanch 18 jwen 2023 nan kolèj Gérard Armand, 4 è 30 nan aprèmidi, Dèlma 29, yon Woman ekriven ayisyen Pierre Michel Chery ekri.
article.title

Yon souf lanmounite pou Ayiti

25 avr. 2023

« Lanmounite » se yon neyolojis (egal : yon mo tou nèf) mwen menm, Douglas Zamor, envante an 2017.

article.title

Yon souf lanmounite pou Ayiti

25 avr. 2023

« Lanmounite » se yon neyolojis  [MAFD1]  (egal : yon mo tou nèf) mwen menm, Douglas Zamor, envante an 2017.

article.title

Yon souf lanmounite pou Ayiti

25 avr. 2023

Lanmounite se yon neyolojis ( yon mo valiz) mwen menm Douglas Zamor envante an 2017.

article.title

Nan sekrè m

21 avr. 2023

Pou Farah Jean

Yon ti van mwa me

pran lonbray ou

al fèmen

nan je m

.

article.title

O sekou Tchadensky 

24 mars 2023
Pou Tchadesky Jean Baptiste, zanmi mwen ki fè vwa pou peyi tèt san chapo
article.title

Nan pye zansèt

21 oct. 2022

Yon powèm chen mòde

tonbe rakle nan tè

san rete

1492

ouvè imajinasyon

byen laj

mezanmi

se ak laswè peyi fè nich

Ayiti bèl fanm

sèl peyi ki pran fil

nan van kò m

premye tablo

ki plante nan tè a

sann foli n ap pase

nan paswa

tonnè kraze m

syèl la fè chemizèt sou po m

ou abite nan chak mo

ki nan kò m

w a sonje van

ki te mennen w nan nich

pye doliv ou kimen yon

pil ti powèm choublak

anndan mwen

ou se sèl zwazo

ki pouse flè

mwen se sous dlo

anba rèv ou

tete w pire doulè m

vin jwenn

mwen rete byen rèd

tankou yon gwo letènite

anchène

m ap grenpe eskalye lenvizib

file monte anba limon rèv

pou m al respire

yon lòt vokabilè

kote moun ki t ap di

mwen pa t a ka lonje

gwo peyi nan zèb la

vin wè Etazini, Kanada, Lafrans

ak yon koudjay peyi aloufa

k ap manje listwa

memwa ak tout souverènte

vin wè yon kolonn peyi

k ap fè lago

k ap graje

souvni

ti lento ti lento ti lento

krazay zetwal pase

nan paswa kè m

nan mizik n ap naje a

pa etone w si w wè

solèy fas ba

lasalin

epitou

pou dat solèy

lanmò kouvri nou

poutèt nou chire 1804

nou mouche flèv Atibonit

poutèt tchovi se fil rèd

nan pye zansèt

yo devise kosmogoni nou

tan ki pa tan bave nan

konsyans nou

ou t a di

wout k ap mennen nou nan rasin

se powèm nan ki leve kanpe

ki di

Desalin Sen Solèy

Desalin se Solèy

Desalin se Lalin

Desalin se Lavi

Douglas Zamor, Laboulòk, Koleksyon Pyè Banbou, 2022.

article.title

Manifès yon lang

10 oct. 2022

Pou vanessa Mardochée Jn LOUIS

Mwen foure pye m tchouboum nan demanbre lanmou, travèse al cheche plimay ou nan pwofondè yon rèv.

article.title

Revolisyon men goch

29 sept. 2022
Douglas Zamor se yon powèt revolisyonè. Angajman sosyal ak angajman politik fè kò nan diskou li. Menm jan ak Jak Woumen, Jak Estefèn Aleksi an Ayiti te konn pran pozisyon nan ekri yo, se konsa Douglas fè nou goute esans diskou li pou transfòmasyon sosyete a. Powèm "Revolisyon men goch" li a, se yon bon grenn semans sou lèv nou. Tout ayisyen, tout mond lan dwe konnen l.